LDC : Tiraj osò Lig chanpyon an fèt e yon nouvo fòma

0


 LDC : Tiraj osò Lig chanpyon an fèt e yon nouvo fòma



Yè jedi a nan peyi Lafrans a Monaco, tiraj osò Lig chanpyon an fèt kote n jwenn Real Madrid kise chanpyon an tit la nan menm lign ak Liverpool epi Borussia Dortmund e Fc Barcelone nan menm lign ak Bayern Munich.



Fòma kite genyen anvan an nan Lig chanpyon an se pa limenm k ap genyen pou sezon 2024-2025 lan, eben men kijan nouvo fòma a.


Nan nouvo fòma sa p ap gen koze faz de gwoup se ap jis chak ekip ap nan yon liy e y ap gen pou jwe 8 match, 4 lakay yo e 4 an deplasman e nan nouvo fòma sa p ap gen match ale retou anvan dechoukay la, pa egzanp Real Madrid ap travèse al Lafrans pandan 2 fwa e li p ap resevwa klèb sa yo ke l pral lakay yo a.


Yon nouvo fòma ki konpoze ak 36 ekip e non 32 ekip jan l te konn fèt anvan an, e lè tout ekip yo fin jwe 8 match pa yo a, UEFA pral fè yon klasman global ak tout 36 ekip la, y ap gen pou chwazi 8 premye yo pou uityèm de final dirèk epi apre y ap pran soti nan 9èm plas la pou rive nan 24èm plas la pou al jwe yon baraj k ap ale retou epi apre y ap chwazi uit pi bon yo pou y al mete ak lòt 8 sa kite kalifye anvan yo k ap vin bay 16 ekip ki pral jwe uityèm de final la e nan moman desizif sa pral gen match ale retou pou jiska demifinal jan l te konn abitye fè nan edisyon anvan an.



Men kèk dat k ap enpòtan nan sezon Lig chanpyon an.


Phase de ligue lan "premye tou" a ap jwe sòti 17 Septanm 2024 pou rive 29 Janvye 2025.


Baraj pou uityèm de final yo pral fèt 11 ak 12 fevriye 2025 pou match ale yo epi 18 ak 19 fevriye pou match retou yo.


Uityèm de final yo ap jwe 4 ak 5 mas pou match ale yo e 11 ak 12 mas pou match retou yo.

 

Kadefinal yo ap fèt 8 ak 9 avril pou match ale yo epi 15 ak 16 avril pou match retou yo.


Demifinal yo ap jwe 29 ak 30 avril pou match ale yo epi 6 ak 7 me pou match retou yo.


Final la ap fèt 31 me 2025 nan vil Munich an Almay.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire