REAL MADRID – BARÇA: MOVE NOUVÈL POU XAVI POU KLASIKO A
Bò kote Xavi, move nouvèl yo ka tonbe jodi Mèkredi a pou klasiko a kont Real Madrid.
Nan yon ti tan ankò, 21 avril, Real Madrid pral akeyi Barça nan yon klasiko ki evidamman pral cho ant de ekip yo. Pwoblèm, klèb Catalan an kapab fè fas ak absans Xavi a ! Dapre jounal Catalan an "Sport" gen posibilite pou wè antrenè Blaugrana a prive de chòk la, akòz sa k te pase li ak abit nan match kont Atletico Madrid la.
Xavi sispann kont Real Madrid?
Dimanch swa nan fen match Atlético Madrid – Barça a (0-3), Xavi te rive pran 2 katon jòn kite sinonim wouj e antrenè Barcelone kapab peye sa chè. Jounal Espayòl la asire ke komite disiplinè yo ap reyini jodi Mèkredi a e kapab wè on sispansyon de match pou Xavi, ogmante ak twa match menm e teknisyen an te deja gen pwoblèm ak kò abitraj la sezon sa a. Twazyèm match sa a ki se jisteman chòk kont Real la. Èske Xavi ap sispann pou klasiko 21 avril la? Repons lan ap vini byen vit.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
