Xavi Hernandez kapab wè l pwolonje ak Barcelone si l fè sa Laporta mande a

0


 Xavi Hernandez kapab wè l pwolonje ak Barcelone si l fè sa Laporta mande a

Xavi Hernandez ki te pran desizyon pou l kite Barcelone nan fen sezon an men t a sanble prezidan klèb la t a vle l rete si l rive fè sa ke l bezwen an.


Joan Laporta ki limenm te kont desizyon Xavi a apre l te fin pèdi match kont Villareal (2-5) la e antrenè a te fè konnen kèlkeswa sa k pase nan rès match yo li p ap kontinye avèk Barcelone e l ap vin yon gwo sipòtè klèb la paske l di l ap fè on ti tan lakay li anvan l al nan on lòt ekip e depi lè kotch la pran desizyon sa pou l kite klèb la li pa janm konnen sa k rele defèt e pandan tan an li rive kalifye sou Naples nan uityèm de final Lig chanpyon an (1-1 ; 3-1) e wè l kalifye pou kadefinal la kote yo pral kwaze PSG, men selon sa "SPORT" fè konnen maten an, Laporta di depi Xavi Hernandez t a rive fè demifinal konpetisyon sa a l ap gen pou l fè tout sa l kapab pou l pwolonje kontra l avèk klèb la.

Xavi Hernandez gen pou devwa kontinye sou menm lanse a e al dèyè kalifikasyon an kont PSG nan mwa avril k ap vini la.


Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire