MOVÈZ NOUVÈL POU LIONEL MESSI, FÒFÈ AVÈK AJANTIN
Lionel Messi, kapitèn Ajantin an, p ap fè pati rankont yo nan mwa mas la.
Yon moman malchanse ak Ajantin kote li echwe nan final koup dimonn ak Kopa Amerika a, Lionel Messi depi 2021 mete rekò a dwat. Gayan nan espas yon ane edmi Copa Amerik a, Finalissima a ak Mondyal la, uit fwa Balon dò a te genyen tout twofe enpòtan yo nan seleksyon an. Ou kapab di kounye a li gen tout trankilite l menm ke gen moun ki te panse l ap kanpe apre mondyal Qatar a, natif natal Rosario te finalman deside kontinye avanti e li te ka menm ofri tèt li yon dènye mondyal 2026 pou l defann tit mondyal la.
Messi twò jis pou jwe ak Ajantin !
Pandan l ap tann delè posib sa a, ansyen jwè Barça ak PSG a p ap fè pati pwochen rankont Albiceleste a kont El Salvador ak Costa Rica. Blese ak Inter Miami, La Pulga a p ap jwe de match sa yo men prezans li pou akonpaye gwoup la pa eskli nèt daprè TyC Sports. Absans kanmenm san konsekans depi de rankont sa yo ap san an je. Opòtinite pou Messi geri epi retounen pi fò nan semèn k ap vini yo.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
