Carlo Ancelotti mete lis 19 jwè deyò pou al defann klèb madrilèn nan kont Fc Séville demen dimanch lan

1


 Carlo Ancelotti mete lis 19 jwè deyò pou al defann klèb madrilèn nan kont Fc Séville demen dimanch lan

Nan kad 26èm joune Liga a, Real Madrid ap gen pou l resevwa ekip Fc Séville a nan Santiago Bernabeu a.

Carlo Ancelotti soti lis li kote l konvoke 19 jwè pou al defann klèb madrilèn nan avèk on retou de Rüdiger ki limenm fè kèk semèn san ke l pa t jwe foutbòl men kotch la rive benefisye retou defansè santral Alman an.

Sot pèdi 2 pwen nan 25èm joune a dimanch pase kont Rayo Vallecano ebyen klèb kapital Panyòl la pral gen pou devwa retounen ansanm avèk viktwa demen dimanch lan (3è pm) fas Fc Séville.

Nan match ale a ekip Real Madrid la te rive sove on match nil lakay Séville 1-1 gras avèk Carvajal kite rive jwenn egalizasyon an apre Alaba te fin make kont kan li (21 oktòb 2023) nan dizyèm joune Liga a.

NB : Real Madrid ap prepare pou l rann Sergio Ramos on bèl omaj pou tout sa ke l rive reyalize ansanm ak klèb sila.



Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire