Barcelone maltrete Getafe nan Liga a

1


 Barcelone maltrete Getafe nan Liga a


Nan kad 26èm joune Liga a, Fc Barcelone t ap resevwa Getafe pou l wè si l teka al chèche yon lòt twa pwen pou l teka avanse pi pre Real Madrid ki lidè solid chanpyona sa.


Getafe ki limenm pa t ap mal konpòte l nan Liga a kote yon pozisyone yo nan 10èm plas klasman chanpyona Espay foutbòl la.


Fc Barcelone pa rive pran presyon nan men Getafe kote l bat li 4-0 e pase nan dezyèm plas devan Girona e dèyè Real Madrid ki premye nan Liga a.


Raphinha ki limenm t a pral pase plizyè semèn pa jwe foutbòl pou ekip Barcelone nan men ki retounen jodi a nan Liga a t a pral make pou klèb katalàn lan nan 20èm minit rankont lan, João Félix ki limenm t ap pran ban seryezman dènye tan sa yo t a pral bayo avantaj 2-0 a nan 53èm minit match la, Frenkie De Jong t a pral mete yo plis alèz kote l ta pral make gòl 3-0 a e jis apre Fermín López t a pral fini ak tout espwa Getafe nan 90èm minit rankont lan pou bay bèl viktwa sa ak klèb katalàn lan sou ekip Getafe a.


Apre bèl viktwa sa, ekip Barcelone nan pase dezyèm nan klasman dèyè Real Madrid ki genyen aktyèlman 5 pwen an plis yo e yon match anreta y ap jwe demen kont Fc Séville.


Barcelone gen dezyèm plas klasman chanpyona Espay la se pwovizwa paske ekip Girona a ki vin pase twazyèm nan Liga a poko jwe match 26èm joune pa l la ke l ap gen pou l jwe l lendi kont Rayo Vallecano nan kad match dekale joune sila.



Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire

  1. Yon retour triomphant pou elye brezilyen an ak match akonpli pou basa . Bn bagay

    RépondreSupprimer