Nan kad match chòk 23èm joune Bundesliga a, Bayern Munich t ap resevwa ekip RB Leipzig la nan Alliance Arena a kote l genyen l difisilman 2-1 e avanse nan klasman an.
Apre 3 match san viktwa tout konpetisyon konfondi ebyen jodi a Bayern Munich mete fen ak seri match san viktwa sa gras avèk on bon Kane ki make 2 gòl pou yo e pèmèt yo fè bèl viktwa (2-1) sa kont RB Leipzig.
Se Bayern Munich ki t a pral ouvè eskò a nan 56èm minit match la gras ak Harry Kane ki te pwofite make 26èm gòl li nan chanpyona a e answit RB Leipzig pral egalize gras avèk Benjamin Sesko nan 70èm minit de je. RB Leipzig bò kote pa l te rive kenbe pandan 20 minit match la men ki t a pral finalman pèdi match la nan 90èm minit de je avèk ankò Harry Kane ki t a pral make double pèsonèl li nan match la e 27èm gòl li nan Bundesliga a.
E apre rankont lan Bayern Munich toujou rete dezyèm nan klasman an avèk 53 pwen swa 8 pwen parapò ak lidè a kise Bayer Leverkusen ki genyen 1e plas klasman an ak 61 pwen.
NB: Harry Kane vini premye jwè nan Bundesliga a ki rive make 27 gòl apre 23 joune chanpyona a.
Lamarre Jameson ✍🏿