Yon kòmansman sezon enkwayab pou Duckens Nazon ak nouvo klèb li a Kayserispor.
Grenadye a ak nouvo ekip li t ap resevwa Ankaragücü nan kad 27èm joune Trendyol Süper Lig la nan peyi Tiki. Apre yo fin mennen 2-0 sou ekip Kayserispor a, gras avèk gwo sipò atakan ayisyen an Duckens Nazon yo rive ranvèse sitiyasyon an e genyen 3-2.
Nan match sila Grenadye a te redui eskò (2-1) pou Kayserispor nan kòmansman dezyèm mitan an (53èm minit) de je e apre yo t a pral jwenn 2 lòt nan 62èm ak 93èm minit.
Depi lè li rive nan ekip la Duckens deja make 2 gòl nan 3 match li jwe ak ekip la.
Lamarre Jameson ✍🏿