Frantzdy Pierrot konnen advèsè l pou 8èm de final Lig Konferans lan.

0


 Frantzdy Pierrot konnen advèsè l pou 8èm de final Lig Konferans lan.


Grenadye a ki te pote ekip Maccabi Haifa a sou do l nan match baraj kont Gent kote l te make 2 gòl nan 2 match sa yo men ki pral gen yon lòt fwa ankò pou l pwouve l kont yon ekip ki sòti nan peyi Itali.


Maccabi Haifa pral jwe ak Florentina nan kad match 8èm de final konpetisyon sila e s on k ap enpòtan pou Pierrot e pou karyè l. Match sa a ap gen pou jwe nan dat 7 mas k ap gen pou rive la a.


Se pa pou premyè fwa ke Pierrot pral jwe kont on ekip an Itali paske ane pase nan sa ki gen ak wè avèk LDC ekip li a te twouve l nan menm gwoup ak Juventus Turin (Italie) e yo te jwe pandan 2 fwa.


Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire