Nan kad 26èm jounen Liga a, Real Madrid t ap resevwa ekip Fc Séville a nan Santiago Bernabeu a pou l wè kijan l teka genyen e pran 8 pwen sou Barcelone men gras ak lejann yo a kise Modric yo rive bat 1-0.
Yon premye mitan kote Real Madrid domine Séville nan tout pati nèt men ki pa t janm rive enkyete gadyen an malgre yo te rive jwenn on bout gòl avèk Vazquez nan 13èm minit match la men abit la te rivr anile gòl la e apre pa t janm gen gòl jistan mitan an fini 0-0.
Nan dezyèm mitan an, Real Madrid te toujou rete avèk menm agouman an e toujou ap chèche on gòl pou l teka asire l men ki pa t janm kapab jwenn li pou jiska 75èm minit Carlo Ancelotti t a pral rantre Luka Modric nan plas Nacho a e chanjman sa tou montre w ke kotch la pral jwe tou pou atak paske l retire on defansè li mete on milye teren ofansif e chanjman sa pote manje nan kay paske nan 81èm minit de je granmoun 38 lane a te rive delivre fanatik, estaf la avèk on balon ki vin jwenn li deyò kare ekip Séville a epi l fè yon kontwòl e mete yon manman
chout kite gadyen an san reyaksyon e tou bay viktwa 1-0 a an favè klèb madrilèn nan.
Apre viktwa sa ekip Real Madrid la pase avèk 65 pwen nan tèt klasman an e pran 8 pwen an plis Barcelone ki dezyèm ak 57 pwen.
NB: Luka Modric fini pi bon jwè match la.
Lamarre Jameson ✍🏿