Luis Enrique te rive pale sou desizyon pou l te pran pou l retire Kylian Mbappé nan match yè a

1


 Luis Enrique te rive pale sou desizyon pou l te pran pou l retire Kylian Mbappé nan match yè a


Nan konferans près apre match nil PSG kont Stade Rennais yè dimanch lan (1-1), Luis Enrique te reponn jounalis yo pou l di fòk ekip parizyen an koumanse abitye jwe san meyè jwè yo a, Kylian Mbappé.

Alòske PSG te nan gwo difikilte nan Parc des Princes lan yè fas Stade Rennais (0-1), Luis Enrique ta pral siprann tout fanatik yo nan 65èm minit de je ak desizyon l te pran pou retire Mbappé nan match la kote yo t ap kouri dèyè eskò 1-1 an.

Yon desizyon Luis Enrique t a pral eksplike nan konferans près apre match la kote l fè konnen ekip la dwe koumanse abitye ak jwe san Kylian Mbappé e sitou sa gen kèk jou depi ansyen Monaco a te fè dirijan parizyen yo konnen ki l ap kite klèb la nan fen sezon an.

Men n ap fè w konnen, klèb parizyen an ta pral rive sove match nil lan (1-1) gras avèk atakan nimewo 9 yo a, Gonçalo Ramos, sou yon gòl penalite nan 97èm minit de je.


NB: Apre rankont lan jwè PSG yo t a pral remèsye piblik la e Kylian Mbappé limenm pa t deside salye piblik parizyen an.


Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire