Deklarasyon : Güti kalonnen Mbappé apre match fas Las Palmas la
Guti ki s on ansyen milye teren Real Madrid, ki estime Kylian Mbappé sipoze pran responsabilite l pou l choute penalite nan ekip sa.
Pandan match nil (1-1) Real Madrid sou teren Las Palmas la, Vinicius Junior te egalize pou klèb blanch lan sou penalite nan 69èm minit, jan jounalis k ap travay nan Radio Cope a fè konnen, Kylian Mbappé sipoze pran responsabilite l nan klèb la pou l teka choute penal pou l debloke kontè nan chanpyona a.
"Petèt si m te Mbappé, mwen t ap gen yon reyaksyon diferan, mwen panse ke pèsonn pa t ap pran penalite sa a nan men Cristiano Ronaldo, menm si l te gen sèlman 15 jou la," se sa ansyen mitan teren Real Madrid la te di nan emisyon El Chiringuito. Dapre li, "fò k Mbappé kòmanse grandè l nan ekip la", chanpyon dimonn fransè a ta dwe eseye bay tèt li penalite sa a.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️