Liga : Real Madrid al frape pye l lakay Las Palmas
Nan 3èm jounen chanpyona Espayòl la, Real Madrid te an deplasman lakay Las Palmas pou wè nan ki fason yo teka al chèche twa pwen an, eben malerezman pou klèb madrilèn nan yo pèdi de pwen enpòtan ki wè yo a kat pwen de reta parapò ak lidè a Fc Barcelone.
Poutan se Las Palmas kite louvri eskò a (1-0) depi nan 5èm minit match la gras avèk Alberto Moleiro e kite wè nan 45 premye minit match la klèb blanch lan pa t rive mete balon anndan filè a.
Nan dezyèm mitan match la, se te menm ekip Real Madrid kite wè l g on ekip an fas li kite fè blòk lè yo pa gen balon an e yo fè "pressing" lan trè wo pou anpeche ekip Madrid la soti, eben nan 69èm minit match la, Vinicius Junior t a pral egalize ak (1-1) sou penalite e fè Real tounen nan match la e se nan yon moman kote yo t ap bouskile klèb Las Palmas la, malgre chanjman kite vin fèt, rantre Endrick nan fen match men pa t gen anyen k te fèt e nou wè yon rankont ki tèmine sou eskò (1-1) an.
Toujou pa gen gòl pou Kylian Mbappé pandan 3 match ke l jwe nan chanpyona a.
Èske Mbappé ap kapab dekole nan ekip sa?
Èske Ancelotti ap chanje sistè m li a pou mete jwè nan atak yo alèz?
Alberto Moleiro kite bitè pou Las Palmas fini pi bon jwè match la.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️