Pou 4èm jounen Liga a, Real Madrid t ap resevwa Real Betis Séville nan Santiago Bernabéu a kote yo rive enpoze yo (2-0) e pase dezyèm nan klasman an.
Nan yon rankont ki pa t ditou fasil pou klèb blanch lan paske ekip Betis Séville a t ap vrèman enkyete yo pandan premye mitan an e menm fòse yo rantre nan vestyè ak eskò nil e vyèj la.
Dezyèm mitan an, Real Madrid tounen menm jan an men avèk yon lòt Vinicius Junior kite plis pote danje a pou yo e yon Mbappé k ap bouje ak Valverde ki sou tou kò tèren an epi Aurélien Tchouaméni ap byen ratise balon yo, retire Ceballos pou rantre Brahim Diaz li te fè Real Madrid atake pi vit, eben nan 67èm minit, Rodrygo Goes te sòti sou kote dwat la ansanm avèk yon balon e travèse deyò kare a e fè pas pou Valverde ki teke pou Kylian Mbappé e se te gòl (1-0) match foutbòl la e uit minit apre yo t a pral jwenn gòl (2-0) avèk Mbappé ankò, gras avèk yon penalite gadyen an te fè sou Vinicius Junior epi jwè fransè a te transfòme l nan gòl e bay viktwa a ak klèb blanch lan.
Kylian Mbappé fini pi bon jwè match la !
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️