Liga : Fc Barcelone maltrete Real Valladolid 7-0

0


 Liga : Fc Barcelone maltrete Real Valladolid 7-0



Nan Camp Nou an, Fc Barcelone t ap resevwa Real Valladolid kote l rive genyen avèk yon gwo Raphinha ki reyalize yon triple pou yo.



Fc Barcelone ap fè yon pakou san fot jiskaprezan nan chanpyona a, eben yè nan 4èm jounen yo fè yon lòt viktwa ankò pou pase ak 12 pwen nan klasman an, gras Raphinha 3 gòl, Robert Lewandowski, Koundé, Olmo ak F. Torres yo rive bat match sa fasil 7-0.



Depi rive Hansi Flick sou ban klèb sa, se moun y ap mache bat senpleman, se yon lòt ekip Fc Barcelone ki jwe pi rapid e ki defann pi byen parapò avèk pa Xavi Hernandez la, jiskaprezan travay Flick la ap byen mache. Pwochen match Fc Barcelone se pral pou dimanch 15 jiyè apre jounen Fifa a fas Girona ak 10è15 nan maten.



Pi bon jwè match foutbòl la se te Raphinha.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire