Liga : Barcelone soufri men bat Rayo Vallecano

0


 Liga : Barcelone soufri men bat Rayo Vallecano



Klèb Katalàn nan te an deplasman lakay Vallecano nan sa ki gen pou wè ak twazyèm jounen chanpyona Espayòl foutbòl la, eben klèb k ap antrene pa Hansi Flick la bat (2-1) e pase ak 9 pwen nan klasman an.




Yon pakou san fot pou Fc Barcelone k al gen Rayo Vallecano lakay yo (2-1) gras avèk Pedri Gonzalez (60èm) kite reponn ak U. Lopez (9èm) minit kite ouvè eskò a pou Rayo jis apre nouvèl acha Barcelone nan Dani Olmo (82èm) te mete match (2-1) e bay viktwa a ak klèb li.


Fc Barcelone pran poukont li tèt klasman chanpyona a ak 9 pwen devan Villarreal 7 pwen (2èm) ak Celta Vigo 6 pwen (3èm) e nou retwouve chanpyon an tit la kise Real Madrid nan (5èm) plas la ak 4 pwen men avèk yon match an mwens ke l ap jwe demen kont Las Palmas.



Pou premye match li ak klèb sa, Dani Olmo te jwenn dezyèm gòl la pou Barcelone eben se jwè Panyòl la ki tèmine pi bon jwè match foutbòl sila.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire