Foutbòl: Barcelone genyen Bilbao e pran yon avans sou Real Madrid
Fc Barcelone t ap resevwa ekip Athletic Bilbao a nan kad dezyèm jounen chanpyona Espayòl la, klèb Katalàn nan anrejistre 2èm viktwa yo nan 2 jounen.
Fc Barcelone rive domine klèb Basque la avèk yon gwo match pou Pedri Gonzalez, jenn jwè Espayòl la briye nan match jodi a pou fè ekip li bat rankont lan. Gras avèk Lamine Yamal (24èm) minit ak Robert Lewandowski (72èm) pèmèt Barcelone bat (2-1) ekip Bilbao a kite rive egalize nan match la (1-1) avèk yon penalite O. Sancet te konvèti nan (42èm) minit.
Viktwa (2-1) pou Barcelone ki pase dezyèm nan klasman Liga a apre 2 jounen chanpyona ki jwe ak 6 pwen sou 6 kote l ekzeko ak Celta Vigo ki limenm se lidè a men avèk yon pi bon gòl diferans (+3) e katalàn yo ak (+2).
Lamine Yamal fini pi bon jwè match foutbòl la.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️
