LIGA: Real Madrid anrejistre premye viktwa l nan chanpyona a kont Valladolid

0


 LIGA: Real Madrid anrejistre premye viktwa l nan chanpyona a kont Valladolid



Nan sa ki gen pou wè ak dezyèm jounen chanpyona Espayòl la, Real Madrid t ap resevwa Real Valladolid kote l bat (3-0) e fè premye viktwa l pou sezon an nan Liga a.



Poutan de ekip yo te rantre nan vestyè ak match (0-0) kote yo chak la pa t vle kite lòt wè do yo pandan 45 minit la. Nan dezyèm mitan an, tou de ekip yo vin ak yon destinasyon pou genyen match foutbòl la, men se ekip Real Madrid la ki te plis sou sa nan rès 45 minit kite a pou te bat match la (3-0) gras avèk Federico Valverde (50èm), Brahim Diaz (88èm) ak Endrick (90+5) kite pèmèt klèb blanch lan ranpòte premye viktwa l nan Liga a pou sezon 2024-2025 lan.



Federico Valverde kite jwe yon sipèb rankont fas Real Valladolid fini pi bon jwè match la.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire