Jounen madi 20 dawout la, Depatman Trezò Ameriken anonse sou sit entènèt ofisyèl yo, Michel Martelly te itilize enfliyans li pou fasilite trafik dwòg ki gen kokayin, pou ale Etazini.
Anplis de sa, ansyen Prezidan pati Tèt Kale a te angaje l nan blanchiman pwodui ilegal dwòg, travay avèk divès trafikan dwòg ayisyen, epi sipòte plizyè gang an Ayiti.
Sou-sekretè pa enterim pou kesyon teworis ak ransèyman finansye ameriken an, Bradley T. Smith, fè konnen aksyon yo poze jodi a kont Martelly a, pwouve wòl enpòtan li menm ak lòt manm nan « elit politik kowonpi a » jwe, nan kriz peyi a ap fè fas jodi a.
Yon lòt kote, daprè sa yon ekonomis eksplike , avèk sanksyon Depatman trezò ameriken an, Michel Martelly paka fè okenn transaksyon finansyè an dola nan kèlkeswa peyi a, paske sistèm finans mondyal la entè-konekte.
Sa vle di, ansyen Prezidan Ayisyen anpap ka gen kont labank, pap ka gen kat kredi, pap ka ni vann, ni achte. Yon lòt ekonomis di nou, avèk desizyon sa a, si Martelly gen yon biznis, li pap ka vann aksyon, e li pap ka achte aksyon tou nan biznis pa lòt moun.
Nap raple nou, avèk entèdiksyon sa yo Office of Foreign Assets Control (OFAC) enpoze jodi a, nenpòt moun oubyen enstitisyon ki ta patisipe nan tranzaksyon ak chantè Sweet Micky a, riske tonbe anba sanksyon tou.
Rezo9 Aktyalite Politik
