Klèb Espayòl la ap chèche yon milye tèren pou teka vin mete plis estabilite anndan teren an, eben yo t a vize yon milye ki gen yon pakèt eksperyans nan jwèt la.
Rodri se jwè sa dirijan madrilèn yo fikse pou 2025, eben selon AS, Real Madrid pral fè tout sa k posib pou l genyen jwè foutbòl sa ki gen yon kontra ak Manchester City pou jiska 2027 men yo fè konnen li kapab chanje klèb sèlman pou pwojè Real la.
Valè aktyèl jwè foutbòl la se 130 milyon ewo, eben si toutfwa Real Madrid t a vle pran jwè foutbòl la se kòb sa l ap gen pou l depoze sou tab la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️