Jan sa te anonse semèn pase a, France Football ap gen pou bay lis 30 jwè k ap gen pou fè pati seremoni pou balon dò a 28 Oktòb k ap vini la, eben sa fèt yè mekrèdi a.
Yon lis 30 jwè France Football mete deyò avèk plizyè absan enpòtan pami yo dènye venkè twofe sa kise Lionel Messi e yon lòt gwo absan ankò ki se Cristiano Ronaldo. Konnen yon sezon ap blese vire tounen, entènasyonal Ajanten an ki apenn sot genyen Kopa Amerika ak Ajantin pa rive fè pati lis sa e menm bagay prèske pou Cristiano Ronaldo ki limenm fè yon sezon ak Al-Nassr ap make gòl men pa rive bay klèb sa yon twofe e ale nan Koup Ewòp la kote l pase a kote avèk 0 gòl e 1 pas desiziv.
Plizyè lòt gwo absan ankò nan lis sa kise e n ap bawou l global👇
🇫🇷 Antoine Griezmann
🇫🇷 Ousmane Dembélé
🇫🇷 Jules Koundé
🇫🇷 Bradley Barcola
🇫🇷 Theo Hernandez
🇵🇱 Robert Lewandowski
🇮🇹 Nicolo Barella
🇦🇷 Julian Alvarez
🇦🇷 Lionel Messi
🇵🇹 Cristiano Ronaldo
🇵🇹 Rafael Leao
🇧🇪 Kevin De Bruyne
🇪🇬 Mohamed Salah
🇧🇷 Rodrygo
🇬🇳 Serhou Guirassy
🇳🇱 Jeremie Frimpong
🇳🇱 Virgil Van Dijk
Avèk 7 jwè ki reprezante, Real Madrid se klèb ki bay plis moun nan lis 30 balon dò a, Vinicius Junior, Kylian Mbappé, Jude Bellingham, Toni Kroos (ansyen jwè), Antonio Rüdiger, Dani Carvajal ak Federico Valverde.
Men lis 30 balon dò a an detay👇
🏴 Jude Bellingham
🇵🇹 Ruben Dias
🇺🇾 Fede Valverde
🏴 Phil Foden
🇦🇷 Emiliano Martinez
🇳🇴 Erling Haaland
🇪🇸 Nico Williams
🇨🇭 Granit Xhaka
🇺🇦 Artem Dovbik
🇩🇪 Toni Kroos
🇧🇷 Vinicius Junior
🇪🇸 Dani Olmo
🇩🇪 Florian Wirtz
🇳🇴 Martin Odegaard
🇩🇪 Mats Hummels
🇪🇸 Rodri
🏴 Harry Kane
🏴 Declan Rice
🇵🇹 Vitinha
🏴 Cole Palmer
🇪🇸 Dani Carvajal
🇪🇸 Lamine Yamal
🏴 Bukayo Saka
🇹🇷 Hakan Calhanoglu
🇫🇷 William Saliba
🇫🇷 Kylian Mbappé
🇦🇷 Lautaro Martinez
🇳🇬 Ademola Lookman
🇩🇪 Antonio Rüdiger
🇪🇸 Grimaldo
Randevou pou 30 Oktòb pwochen nan "Théâtre du Châtelet" a Paris (France) ak (12è20 pm) nan lè (Ayiti) e (18H20) nan lè (Ewòp).
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️