CDM 2026: Brezil ap degrenngole jou apre jou nan eliminatwa a
Nan 8èm jounen eliminatwa zòm Amsid la, seleksyon Brezilyèn pèdi kont Paragwe e glise desann nan klasman an.
San Neymar Junior depi anviwon 7 mwa koz blesi, Brezil ap mal konpòte l nan eliminatwa a kote yo twouve yo nan 5èm plas klasman an, yè Paragwe mete do yo atè (1-0), yon gòl kite make depi nan 20èm minit gras avèk Diego Diego Gomez, e pandan rès minit yo pa t janm g on gòl kite fèt e eskò a fini an favè Paragweyen yo.
Brezil pou moman sa twouve l nan 5èm plas la ak 10 pwen apre 8 jounen ki jwe nan eliminatwa Koup Dimonn 2026 la.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️