Fout pwolongasyon : Andriy Lunin pwolonje ak Real Madrid
Koutize pa plizyè klèb pandan mèkato ki sot pase a, gadyen Ikrèn nan wè kontra l pwolonje pou 6 lane nan klèb madrilèn nan.
Real Madrid sòti yon kominike maten an pou anonse ke yo jwenn yon akò ak Lunin pou yon pwolongasyon kontra k ap ekspire pou jiska jen 2030. Plizyè medya te gentan ap anonse jèn gadyen an ki sot pase yon sezon ekstrawòdinè ak klèb kapital Madrid la, malgre l konnen li p ap yon titilè endiskitab koz Thibaut Courtois men li chwazi rete nan Real Madrid koz li konnen ap gen yon lè se li k ap gadyen nimewo 1 klèb la.
Apre kominike ofisyèl sa, Andriy Lunin fè konnen "se yon plezi pou m toujou fè pati pi gwo klèb nan mond lan, Hala Madrid."
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️