Fout Transfè : Lunin kapab kite Real Madrid pandan mèkato a Gadyen Ukrainien an ki sot patisipe nan Koup Ewòp la e fè yon sipèb sezon ak Real Madrid wè ke li sou wout kite klèb madrilèn nan pandan mèkato estival la.

0


 Fout Transfè : Lunin kapab kite Real Madrid pandan mèkato a



Gadyen Ukrainien an ki sot patisipe nan Koup Ewòp la e fè yon sipèb sezon ak Real Madrid wè ke li sou wout kite klèb madrilèn nan pandan mèkato estival la.



Selon plizyè medya, Andriy Lunin sou wout pou l kite Real Madrid koz li pa vle pou l chita sou ban an pandan sezon k ap vini la e destinasyon l se ale nan peyi Angletè men jiskaprezan poko g on òf ki ofisyèl ki vin jwenn Real Madrid.



Nan yon lòt ka, Kepa Arrizabalaga kapab tounen nan klèb sa si toutfwa Lunin ta kite e gadyen Panyòl la fè konnen li mèt pran ban nan Real Madrid l ap dakò rete e dirijan yo renmen imilite misye gen nan li a. Kepa menm voye jete plizyè òf ki sòti an Arabi Sawoudit pou ke l kapab jwenn chans pou l tounen nan klèb ki plis titre nan Lig chanpyon an.


Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire