![]() |
Woy! Yo jwenn telefòn MechansT a, Kisak pase menm?
Wens Jonathan Désir nou tout konnen sou non Mechans T disparèt depi 4 jiyè nan peyi Bahamas menm si anpil moun tap eseye bay opinyon, pat janm gen okenn enfòmasyon ofsyèl ki soti men daprè rezilta rechèch yon ekspè nan teknoloji, dènye pozisyon GPS telefòn Wens Jonathan Désir alyas MechansT, lokalize nan mitan 2 zòn nan zile Abaco (Bahamas).
Se konfrè nou Luckson Saint- Vil ki pibliye enfòmasyon sa yo. Selon espesyalis sa ki pa swete non li site, dènye fwa telefòn nan emèt siyal, se te a 10:30 nan maten, 4 jiyè 2024.
Sepandan, ekspè a pat an mezi di nou, si telefòn nan se nan lanmè a li te ye, oubyen nan men MechansT nan moman an. Nap fè konnen, « Treasure Cay ak Marsh Harbour » se 2 lokalite touristik ki gen plizyè plaj. Yo twouve yo a anviwon 300 kilomèt de Miami Beach, Florida.
Nap raplew, pou anpil moun atis la tap tante antre Etazini sou bato sa ki esplike poukisa se nan zòn sa yo jwenn sinyal telefòn li an. Antouka nap rete tann èske pral gen lòt enfòmasyon toujou sou dosye a ki kòmanse bay anpil moun kè sere.
Rezo9 Aktyalite Politik
