Fout kontra : Real Madrid anonse yè mekrèdi a pwolongasyon kontra pou Luka Modrić

0


 Fout kontra : Real Madrid anonse yè mekrèdi a pwolongasyon kontra pou Luka Modrić



Arive nan klèb sa depi jen 2013, Luka Modrić pral pran yon lòt ane siplemantè nan klèb sila, nan on kominike ki sòti yè sou kont klèb la, li anonse jwe Kwowat (38 an) an pwolonje pou jiska jen 2025.


Ranpòte balon dò nan lane 2018 ansanm ak klèb sa, Luka Modrić konnen pi bèl pakou l nan karyè l nan klèb se nan Real Madrid koz li ranpòte 26 tit e ladan yo 6 Lig chanpyon, men pandan jen 2024 la li te wè kontra l ta pral fini ak klèb kè l la, men Don Perez deside konsève granmoun nan pou yon lòt ane ankò e li felisite l pou tout sa l reyalize nan klèb la, e jwè a se pral premyè kapitèn klèb Panyòl la apre depa Nacho Fernández.


Apre pwolongasyon sa jwè Kwowat la deklare "Avanti an ap kontinye."



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire