Fout Transfè : Manchester United ofisyalize arive Leny Yoro nan efektif yo

0


 Fout Transfè : Manchester United ofisyalize arive Leny Yoro nan efektif yo



Yo te anonse sa nan kèk èdtan ankò pou transfè sa ofisyèl, eben dosye sa fini koz Leny Yoro siyen nan klèb Manchester United la.



Sou kont twitè Manchester United la yo ofisyalize arive Leny Yoro ki s on entènasyonal fransè ki genyen 18 lane sèlman ki siyen pou klèb sa pou 5 lane pou 62 milyon ak yon bonis k ap omwen 10 milyon ewo.



Apre l te fini siyen kontra a, Leny Yoro te pale nan mikwo laprès "Mwen konnen istwa jèn jwè yo nan Man United epi mwen santi ke li kapab yon kote pafè pou rive nan potansyèl mwen ak reyalize anbisyon mwen yo."


Jèn nan ale pi lwen pou l bay rezon ki fè l siyen nan Manchester United la "Depi premye konvèsasyon mwen ak klèb la, yo te etabli yon plan klè sou fason mwen ka devlope kòm yon pati nan pwojè enteresan sa a, ki montre anpil swen pou mwen ak fanmi mwen".


"Se yon onè enkwayab pou m siyen pou klèb Man Utd la".




Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire