Fout mèkato : Barcelone vle rekrite de jwè Panyòl pandan ete sa
Pandan mèkato estival la, Fc Barcelone vize de jwè Panyòl ki apenn sot chanpyon Koup Ewòp la ak Espay kote s on transfè k ap estrèmman difisil koz pwoblèm finansyè.
Nico Williams ak Dani Olmo se de opsyon ideyal pou Barcelone pandan mèkato sila kote yo sou wout vann kèk jwè pou teka jwenn ase resous finansyè nan kad "deal" la, eben genyen Victor Roque ki kapab al jwe nan peyi Arabi Sawoudit nan klèb Al-Hilal la men dirijan Barcelone yo t a vle fò k li jwenn on bon kòb pou l ta lèse jèn jwè brezilyen an ale, men pandan moman sa s on transfè ki an kou.
RB Leipzig ak Bilbao se de klèb ki posede jwè sa yo eben yo poko di anyen sou dosye sa men jiskaprezan jwè sa yo g on kontra ak klèb sa yo men rete pou Barcelone jwenn on antant ak yo epi peye kloz yo pou l genyen de jèn jwè sa yo.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️
