Fout mèkato : Arda Güler vle kite Real Madrid ete sa

0


 Fout mèkato : Arda Güler vle kite Real Madrid ete sa



Jèn elye Tik la ki sot reyalize on gwo Koup Ewòp avèk peyi l Tiki vle kite klèb madrilèn nan ke l vini ladan n sezon pase, men gen de klèb ki kòmanse ap fè l zye dou.



Ansyen jwè Fenerbahçe a, Arda Güler sou wout pou l kite peyi Lespay pandan ete sa. Selon SPORT kise yon jounal pro baselonè fè konnen jwè foutbòl entènasyonal Tik la kapab al depoze valiz li swa nan Bayer Leverkusen oubyen Milan Ac, men genyen Xabi Alonso kise antrenè Leverkusen ki t a byen renmen gen jwè a nan efektif yo sou fò m de prè e menm fè konnen li renmen pwofil jwè a.



Swit avèk arive Kylian Mbappé nan Real Madrid oblije fè jèn nan ki anvan sa te di l p ap kite klèb la men li vin panse kontrè koz li wè l kapab pa genyen tan de je nan ekip sa e destinasyon l pa lòt ke kite kote l ye a pou l janbe on lòt kote swa pou yon lane oswa de lane.




Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire