Ewo 2024: Espagne bat Italie e kalifye pou pwochen tou konpetisyon an
Yè pou dezyèm jounen nan gwoup B a, Italie te gen randevou ak Espagne pou wè nan ki mezi yo teka plis avanse nan klasman an men se ekip Panyòl la ki gen rezon kote yo fè tonbe Italyen yo (1-0) e tou jwenn kalifikasyon yo pou pwochen tou konpetisyon an
Yon kote taktikman Espay te pi bon pase Italyen yo koz batay fizik, danje ak byen defann yo te genyen l, men yo pa t vrèman konvèti aksyon yo nan match la koz yo te tonbe sou on bon Donnarumma ki fè plizyè arè desizif nan match la. Se R. Calafiori ki t a pral make kont kan li nan 55èm minit match la pou te rive pèmèt ekip Espay la bat Italie (1-0).
UEFA te chwazi Nico Williams kò m meyè jwè rankont lan.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️