Danemark ak Angleterre te gen randevou jodi a nan dezyèm jounen chanpyona Ewòp la pou wè nan ki fason yo teka nan klasman an, men de ekip sa yo fini sou on nil (1-1).
Ekip Anglèz la te byen demare match la kote se yo k te gen monopòl balon an e kite mennen yo ouvè eskò a nan 18èm minit pa Harry Kane e kite wè match la (1-0), e depi apre gòl sa ekip Danemark lan ouvè kòl nan match la, genyen Anglè yo batay fizik la savle an gwo yo "Tonik" anpil e gras ak sa yo te rive egalize nan 34èm minit gras avèk M. Hjulmand swit avèk on gwo frap "28 mèt" kote Pickford pa t kapab fè anyen e se eskò (1-1) an mitan an te fini.
Dezyèm mitan, Danemark vini plis motive kote yo vrèman bouche tout ti twou pou ekip Anglèz la pa pwofite e yo fè on "Pressing" kite vrèman wo, e taktikman yo te pi bon ke Anglè yo e finalman pa t rive gen gòl ankò e se (1-1) kite pèsiste pou tout match foutbòl la.
UEFA bay Pierre-Emile Højbjerg pi bon jwè match la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️