Nan dezyèm jounen gwoup C a, Slovénie t ap gen pou jwe kont Serbie pou wè nan ki fason yo teka avanse nan gwoup sila, eben de ekip yo mete tèt yo ansanm pou fè match (1-1).
Yon premyè mitan kite rive fini (0-0) kote de ekip yo te gen moman fò pa yo nan match la men yo pa t janm rive mete balon nan kan an. Nan dezyèm mitan an se te on lòt match foutbòl, Slovénie t a pral make premye gòl match la pa Ž. Karničnik nan 69èm minit, epi nan 90+5 genyen L. Jović ta pral make gòl egalizasyon an kite sove Serbie de yon posib eliminasyon e se eskò (1-1) an ke rankont la t a pral fini.
UEFA bay Ž. Karničnik ki se jwè Slovénie a pi bon jwè match foutbòl la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
