455 ajan espesyalize gradye nan Lapolis

0


 455 ajan espesyalize gradye nan Lapolis 


Jèn polisye ki fè pati 33e pwomosyon PNH la, ap entegre CIMO, UTAG, BLVV, BRI, BOID, SWAT, UDMO ak POLIFRONT, pou n site sa yo sèlman. Mesyedam sa yo gradye aprè 3 mwa fòmasyon jounen madi 18 jen an. 


Pami ajan espesyalize sa yo, gen anviwon yon senkantèn fanm ladann. Seremoni sa te dewoule nan lokal Lekòl Nasyonal Polis la sou Wout Frè, an prezans Premye minis Garry Conille, Prezidan konsèy tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils, Minis Jistis la, Carlos Hercule, ak divès manm kò diplomatik la. 


Nan seremoni sa, Premye minis la Garry Conille te deklare polisye sa yo pa pou kont yo, yo gen sipò leta avèk yo. Li te pwofite poul salye kouraj chak grenn nan yo ki te pran angajman pou garanti sekirite pèp ayisyen an


Nap raplew Mesyedam sa yo pran anviron 3 mwa fòmasyon aprè yo te fin pase 4 mwa avan sa nan akademi Lapolis la ki sou wout frè a. Jèn polisye sa yo pral gen pou yo met pye yo atè yon fason pou yo ka itil popilasyon ayisyèn nan kap pase yon move moman anba men ti mesye manch long yo.


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire