Copa 2024: Argentine byen rantre nan konpetisyon an avèk on viktwa sou Canada
Nan kad 48èm edisyon kopa Amerika, genyen Canada ansanm avèk Ajantin te gen randevou pou demare konpetisyon an, men chanpyon an tit la rive bat (2-0) e konsève kouwòn yo.
Yon premyè mitan kite fini (0-0) e malgre on pakèt aksyon ke Ajantin rate nan match la e si Angel Di María men se sou eskò nil e vyèj la mitan an te fini.
Dezyèm mitan an, seleksyon Ajantin nan pa t pran tan pou l te make premye gòl konpetisyon an gras avèk J. Álvarez nan 49èm minit apre on pas de Alexis Mac Allister e depi lèsa se te (1-0), e malgre kèk aksyon ekip Canada a te kreye men yo pa t kapab jwenn egalizasyon an jis nan 88èm minit match la, L. Martínez kite rantre nan plas Alvarez la te mete Ajantin (2-0) sou yon pas desiziv de Lionel Messi e touye tout espwa Canada nan match la e fini rankont lan sou eskò (2-0) a.
Conmebol la deside ke se J. Álvarez ki te pi bon nan rankont lan.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️