Ewo 2024: Ukraine relanse yo nan konpetisyon an kote bat Slovaquie 2-1
Yon bèl randevou kite mete Ukraine kont ekip Slovaquie an, youn te pèdi nan premye jounen an epi lòt la te genyen e sa te montre w se yon pèdan ak yon gayan kite mete fas pou fas, eben se ekip pèdan nan premye jounen an ki rive bat ekip gayan an (2-1) e relanse konpetisyon l.
Ukraine te rive make gras avèk M. Shaparenko (54') e R. Yaremchuk (80') pou te rive genyen Slovaquie (2-1) e pou tan se I. Schranz ki te deklannche ostilite yo pou ekip Slovaquie a depi nan (17') match foutbòl la.
Avèk rezilta sa, Ukraine kapab kwè nan on kalifikasyon si toutfwa l ta rive enpoze l sou Belgique nan dènyè jounen gwoup sa.
UEFA chwazi M. Shaparenko kò m pi bon jwè match foutbòl la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
%20-%20Made%20with%20PosterMyWall.jpg)