Polisye Ayisyen yo ap Debake Kenya?

0


 Polisye ayisyen yo ap debake Kenya? 



Pandan Kenya ap pare pou voye 1000 polisye pou vin konbat ensekirite Ayiti, ebyen yo deja ap fè yon lòt preparasyon pou yo voye 2000 polisye ayisyen nan jou kap vini yo la pou ak pran fòmasyo  an Afrik. 


Selon yon medya afriken ki rele kenyans.co.ke desizyon sa te pran se nan reyinyon Konsèy tranzisyon Ayiti a te genyen ansanm ak responsab òganizasyon sekirite peyi Kenya yo. 


Enfòmasyon yo fè konnen polisye ayisyen yo ta dwe jwenn bon jan fòmasyon nan peyi Kenya men yo poko defini kilè ni ki jou yap gen pou komanse ak fòmasyon sa men yo anonse kap dire 2 semèn aprè polisye yo pral gen pou retounen Ayiti ankò. 


Jan anpil nan nou konnenl, sa gen plizyè mwa depi Nasyonzini te anonse fòs miltinasyonal la te gen poul vini men anyen poko janm fèt. Otorite yo te menm fè konnen se akoz gen pwoblèm lojistik ki lakoz sòlda kenyan yo poko mete pye sou sòl la. 


Aprè polisye ayisyen fin pran fòmasyon Kenya, eske li posib pou sòlda kenyan yo toujou vini ? Èske vrèman polisye sa yo te oblije ale jis Kenya pou pran fòmasyon ? Kisa ki kache dèyè dosye sa ? 


Antouka jis kounya nap pale la, Konsèy prezidansyèl la, ni ministè kominikasyon an ak okenn lòt enstans konsène poko pale sou sijè sa.


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire