Ayiti gen yon nouvo Premye minis

0


 Ayiti gen yon nouvo Premye minis 



Jounen madi 28 me a, Konsèy prezidansyèl la chwazi Gary Conille kòm  nouvo Premye minis pou vin dirije tranzisyon an. Se Fritz Alphonse Jean kise yon manm nan CPT a ki anonse nouvèl la. 


Gary Conille se yon ansyen Premye minis sou gouvènman Michel Martelly a se mesye sa ki pral gen gwo responsabilite ranplase Arriel Henry nan primati a nan jou kap vini yo. 


Konsèy la chwazi Conille aprè yo te fin tande 5 kandida yo te seleksyone pou pòs la. Selon plizyè sitwayen, chwa minis la se pa yon senp chwa sitou moun sa yo estime ansyen PM nan toujou gen anpriz li sou kèk otorite nan peyi a. 


Sitwayen sa yo kwè, se pral yon obligasyon pou PM nan bay rezilta si non pèp la ap rele chalbare dèyèl sitou anpil ladan yo pa kwè nan Konsèy la se sak fè Gary Conille gen gwo obligasyon poul bay rezilta. 


Nap raplew nouvo minis la, se yon medsen li te deja nan pòs la sou gouvènman Martelly a soti septanm 2011 rive me 2012. Sitou aprèl te fin kite pòs sa, li te vin nome direktè rejyonal UNICEF. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire