WKylian Mbappé ap finalman jwè Real Madrid apre final Lig chanpyon an

0

WKylian Mbappé ap finalman jwè Real Madrid apre final Lig chanpyon an



Oparavan yo te fè konnen ke jwè foutbòl la potko bay desizyon l e PSG bò kote l pa t dakò Mbappé ofisyalize nan on klèb toutan kontra l potko fini ak klèb la men desizyon sa finalman aksepte.



Selon Fabrizio Romano, PSG aksepte pou Mbappé chwazi klèb ke l vle a e siyen ladan n menm ke kontra l ap fini nan mwa jen an, nan on entèvyou l te bay kote jwè foutbòl la te fè konnen "N ap konnen nouvo klèb mwen nan jou k ap vini yo e mwen paka tann pou m rejwenn klèb sila" se konsa l te fè konnen. Selon menm jounalis sa, li t a fè kwè Kylian Mbappé ap prezante nan Real Madrid apre final LDC a swa 2 ak 5 jen pwochen.



Kylian Mbappé ki nan preparasyon ewo 2024 ak Lafrans kapab ale nan peyi Espay pou l al siyen kontra l avèk Real Madrid nan premye semèn mwa jen an.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Aucun commentaire