Thomas Tuchel anonse ke l ta sipoze fè retou nan PL la
Antrenè Alman an ki san klèb depi apre revokasyon l nan tèt Bayern Munich koz move rezilta, li ta fè konnen destinasyon l se tounen nan chanpyona Angletè a.
Selon Fabrizio Romano, Thomas Tuchel nan lis antrenè Manchester United ap gen pou l bezwen si toutfwa yo ta revoke Erik Ten Hag nan tèt ekip la, nan moman sa dirijan United yo ap reflechi sou avni antrenè Néerlandais a, si y ap kenbe l oswa si y ap voye l ale e nou prale pi lwen pou n fè w konnen li apenn sot chanpyon nan FA Cup la kont ekip Manchester City a (2-1).
Thomas Tuchel ap kwaze dwèt li pou ke Manchester United t a rele l pou l siyen on kontra ak yo.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
