Kadav 2 ameriken yo resi kite peyi a

0


 Kadav 2 ameriken yo resi kite peyi a 



Jounen jedi 30 me a, kadav Davy Llod ak Nathalie Lloyd pran direksyon Miami kote yap fè eskal, avan kadav yo rive Missouri, Eta kote fanmi yo ap viv. 


Selon eleman enfòmasyon yo, fanmi viktim yo mande pou medya pa vin filme aterisaj avyon an, nan lide pou prezève entimite 2 jèn sa yo. Nan sans sa a, gen yon patwouy kap la pou fè mezi sa respekte.


Daprè CNN pou kò yo te kite peyi a, Vitelhomme Innocent se youn nan chèf gang yo te kontakte, pou fasilite Anbilans al pran kadav Davy ak Nathalie Lloyd, nan zòn Lizon.


Vitelhomme di aprè yo te fin relel, li te fè tout sak posib pou pale ak nèg ki kontwole blòk la, pou otorize kadav yo soti. Chèf gang « Kraze Baryè » a di CNN, asasina 2 jèn ameriken yo se yon istwa ki tris anpil, paske se sèvi yo tap sèvi popilasyon an. 


Nap raple nou nan jou ki sot pase yo la, 2 ameriken sa yo se 2 moun kite marye yo te pèdi lavi yo nan atak gang ame nan zòn Bon Repos kote yo tap jere yon ofelina ki gen 450 timoun. Nan jou kap vini yo la antèman yo pral gen pou yo chante nan peyi Etazini. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire