Semèn sa, dirijan Fc Barcelone yo anonse arive antrenè Alman an Hans-Dieter Flick ki limenm depi lè revokasyon l nan tèt seleksyon Almand lan li pa t gen ni klèb, ni seleksyon li t ap antrene men avèk revokasyon Xavi Hernandez nan tèt Barcelone kò m antrenè prezidan Laporta te oblije al chèche on antrenè rapid e yo te tonbe dakò ak antrenè Alman an ki siyen on kontra pou jiskan 2026 avèk on ane opsyon si l ta bay bon randman dirijan yo ap chèche a.
Hans-Dieter Flick vle chanje ekip la kote li fikse kèk jwè foutbòl tankou Joshua Kimmich epi Ansu Fati pou fè yo vini nan klèb sa e yon lòtbò li di li p ap konte sou Bernardo Silva nan pwojè l la. Misye vini nan ekip la pou remanye ekip la menm ke klèb la gen pwoblèm finansyè men yo vle aranje sa pou wè nan ki fason yo t a tounen ekip sa yo te genyen sa gen 10 lane a, Barcelone paka fè gwo acha, se jwè ki ba pri oswa ki lib yo kapab pran koz yo pa gen kòb ase pou fè akizisyon.
Flick ki limenm vle mete touch pa l rapid nan klèb la e menm voye jete kèk transfè kite prèske finalize nan klèb la tankou Guido Rodríguez kise jwè Bétis Séville ki se yon jwè ki te prèske siyen nan klèb la men kotch Alman an pa vle l, e yo ale pi lwen pou di misye vle konte sou jwè ki eksperimante l gen nan ekip la e l ap jis al dèyè kèk jwè nan "Masia" a epi kèk ti nouvo jwè nan lòt klèb pou te ka konbat ak pwoblèm ekonomik klèb la ap travèse depi plis ke 3 lane.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
