Jan sa te kòmanse depi apre Kylian Mbappé te anonse l ap kite PSG nan fen sezon an, eben te gen yon pakèt medya e fanatik kite gentan wè pral jwe nan Real Madrid pou sezon k ap vini an, eben wi, Mbappé ap jwè Real nan kèk èdtan ankò.
Ansyen jwè Monaco a konfime ak prezidan Lafrans lan ki aktyèlman "Claire fontaine" pou al suiv preparasyon yo anvan Koup Ewòp la k ap demare 14 jen k ap vini la, eben li te rankontre ak jwè fransè yo e nòtamman Mbappé kote youn te fè lapè e tou pale yon koze ak yo de a e jwè fransè a te di l konsa "Jodi a pral gen yon anons ofisyèl nan Real Madrid" e prezidan an te dakò ak chwa jwè foutbòl la.
Yon lòt gwo kou pou Real Madrid sou mache transfè a ki limenm te deja gen yon pakèt talan sezon ki sot pase a e menm sot genyen Lig Chanpyon an e vin mete Mbappé ki se youn nan pi bon jwè ki genyen sou planèt la sa gen plis ke 5 lane, se pral on ekip Real Madrid galaktik pou sezon pwochèn.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️