Premye minis Garry Conille fè yon gwo chita pale

0


 Premye minis Garry Conille fè yon gwo chita pale



Nouvo Premis minis la Garry Conille  rankontre Konsèy prezidansyèl la nan objektif pou yo gade kòman li pral òganize kabinè ministeryèl li a. Selon dènye eleman enfòmasyon yo, ekip PM nan vle enstale demen madi a men poko gen anyen ki deside. 


Daprè done yo, CP a deja komanse travay sou minis yo. Premye minis lan pral gen poul fòme gouvènmanl lan epi lap gen poul voyel bay Konsèy la ki pral verifye èske moun sa yo ap elijib pou yo ta vin okipe pòs sa yo. 


Premye minis lan deja rankontre plizyè sektè ki gen reprezantan yo nan CP an. Dènye sektè yo rankontre a se fanmi Lavalas li chita ak yo jounen lendi 3 jen an 2024 la. 


Nap raplew pandan wikenn nan, Garry Conille te deplase kotel te menm antre anndan yon cha Lapolis, ansanm ak DG PNH, Frantz Elbé, yo te fè yon vire won nan sèten zòn anba lavil la. Objektif la sete pou evalye sitiyasyon an.



Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire