Real Madrid anonse arive Kylian Mbappé kò m nouvo jwè yo

0


 Real Madrid anonse arive Kylian Mbappé kò m nouvo jwè yo


Apre plis pase 4 lane, Real Madrid te bezwen sèvis jwè foutbòl sila, men te toujou gen yon anpèchman nan dosye sa, nan lane 2022 tout medya ak fanatik e menm dirijan klèb madrilèn nan te kwè l ap vini nan klèb la men li te rive tande prezidan fransè a Emmanuel Macron e pwolonje pou 2 lane plis yon ane siplemantè, men swit avèk kontra l ki rive nan bout la, jwè fransè a te anonse nan on ti bout videyo ke li p ap pwolonje kontra l avèk PSG e se fen nan avanti nan klèb foutbòl sila, e apre anons sa gen anpil medya kite gentan wè nan ki klèb li prale e jodi a klèb kapital Panyòl la anonse Kylian Mbappé kò m nouvo jwè yo.


Nan yon kominike Real Madrid mete deyò, li anonse vini Kylian Mbappé pou sezon pwochèn, jwè foutbòl la rive siyen nan klèb blanch la pou 5 lane swa pou jiska jen 2029, yon siyati ki rive fèt gratis kote klèb la ap sèlman peye jwè a prim siyati li ki evalye avèk 100 milyon ewo, e swit apre anons sa, jwè foutbòl la te rive sou kont fesbouk, Instagram ak twitè li pou li fè konnen "Yon rèv ki rive vre,

Se konsa, kontan ak fyè rantre nan klèb rèv mwen an @realmadrid 

Pèsonn pa ka konprann ki jan mwen eksite kounye a. 

Mwen espere wè nou, madridistas, e mèsi pou sipò enkwayab nou. Hala Madrid! 🤍🤍🤍" se konsa jwè a te eksprime kontantman l apre anons sa.



Jwè foutbòl la te gentan konkli ak klèb madrilèn nan depi nan mwa fevriye ki sot pase a selon Fabrizio Romano se te jis yon kesyon de tan pou jwè a te rive ofisyalize nan nouvo klèb li a.




Kylian Mbappé pral pote nimewo 9 la, ki limenm depi apre depa Karim Benzema sezon pase a li pa t janm jwenn on moun kite pote l men selon sa plizyè medya anonse se pral jwè fransè a k ap pran nimewo sa e jis tan Modrić ale l ap gen pou l rekipere nimewo 10 la.




Kylian Mbappé pral fè 20 milyon ewo chak ane nan klèb sa swa 1.7 milyon ewo pa mwa, e nan kontra l siyen an li kapab rive fè 100 milyon ewo sou 5 an li an.




Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire