Gad valè lajan Martine ak Joverlein Moïse pral jwenn!

0


 Gad valè lajan Martine ak Joverlein Moïse pral jwenn! 


Dosye lanmò Jovenel Moïse la pa sispann fè pale de li, menm si ansyen prezidan an poko jwenn jistis li aprè lanmòl men sa pa anpeche toujou gen nouvo enfòmasyon kap soti. 


Daprè jounal ameriken an Miami Herald gen anpil lajan kap pale sou dosye lanmò ansyen chèf leta Ayiti. Daprè òdonans restitisyon, Jij federal Jose Martinez pran nan dosye a, gen 6 endividi ki kondane nan konplo a, kap gen pou peye gwo lajan.


Lajan sa yo pral  jwenn yon moun ta kou Martine Moïse kap resevwa 5 milyon 305 mil 387 dola pou kòb li depanse lopital, vwayaj ak sekirite li te anplwaye, lè li te retounen an Ayiti. Pa rapò ak tout depans Premyè dam nan te fè yo jij la egzije pou gen lajan ki al jwenn li. 


Yon lòt bò, pitit defen an Joverlein Moïse  li menm kap viv Québéc, lap jwenn 865 mil 386 dola. Miami Herald di, òdonans Jij federal la pa di klèman poukisa 6 kondane sa yo jwenn lòd pou yo peye pitit Jovenel la lajan sa a, paske l pat nan kay la, jou asasina a men malgre sa mesye a pral resevwa kòb la. 


Nap raplew, jounal Miami Herald fè nou konnen Gouvènman ayisyen an pou kont li te depanse plis pase 330,000 dola vèt pou Martine tap pran swen,  epi pou fanmi an te ka vwayaje. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire