Bandi Gresye yo boule yon blennde Lapolis

0


 Bandi Gresye yo boule yon blennde Lapolis 



Jounen lendi 27 me a, nèg ak gwo zam mete dife sou yon blennde Lapolis Gresye nan yon zòn ki rele Colombier, ki touprè lekòl CECED la, sou sout nasyonal # 2 a. Selon sa plizyè moun rapòte malgre Lapolis te anonse yo pran kontwòl komisarya a, men ti mesye manch long yo kontinye ap frape. 


Jan anpil nan nou ka remakel, nan denye jou sa yo bandi pa sispann debalize komisarya nan kapital la. Yo vòlè, piye, kwaze oubyen yo mete dife. Se sak fè pa gen okenn komisarya  nan kapital la ki alabri. 


Se menm bagay la kite rive Gresye kote ti mesye gwo zam yo te pran kontwòl li men jis aprè PNH la pral anonse yo te repran Kontwòl li sitou avèk prezans komisè Muscadin kite vin pote sipò ak komin nan pou anpeche bandi met lapat sou li. 


Jounen lendi a, kèk abitan nan komin nan deklare bandi yo met dife sou yon blennde Lapolis sa ki vle di PNH la pa gen kontwòl zòn nan jan yo te fè kwèl. Popilasyon an rapòte nèg yo rive tabli baz yo nan mòn yo kote yap ka kontwole tout bagay. 


Antouka nèg yo kontinye ap frape Lapolis, se youn nan rezon kifè gen anpil moun ki rete kwè se sèl fòs miltinasyonal la ki ka retire nou nan sa nou ye la akoz PNH la dènye tan sa ap pran anpil kou. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire