Kylian Mbappé t a dwe ofisyalize apre final Lig chanpyon an

0


 Kylian Mbappé t a dwe ofisyalize apre final Lig chanpyon an

Apre ke l te fin anonse l ap kite PSG nan on kout videyo sou kont Instagram ak twitè li, Kylian Mbappé jwe yè samdi a dènyè match li sou koulè mayo PSG nan final koup frans yo ranpòte sou Lyon (2-1) e wè jwè fransè a kite klèb la sou on bèl omaj, eben selon yon jounal ki t a revele ke ansyen jwè Monaco a ta dwe ofisyèl nan nouvo klèb li a apre final LDC a.


Selon Relevo, Mbappé pral kapab ofisyèl e prezante nan Real Madrid apre final Lig chanpyon an k ap fèt 1e jen k ap vini la e jounal la ale pi lwen pou l fè konnen prezantasyon sa ap prèske menm jan ak prezantasyon Cristiano Ronaldo a nan lane 2009 kote l te devan plis pase 60 000 moun.

Kylian Mbappé bò kote pa l apre match yè a te fè konnen "n ap gen pou n konnen pwochen klèb mwen an nan jou k ap vini la, m paka di se apre ewo a n ap konnen klèb mwen pral jwe a men m kwè nan jou yo n ap konnen tout bagay" se sa l te deklare bay jounal L'équipe.


Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire