Atalanta genyen Ewopalig la sou Bayer Leverkusen
Nan final Ewopalig la kite mete fas pou fas ekip Atalanta a kont Bayer Leverkusen nan ki limenm se te sèl ekip ki te genyen sou sezon ki pa t janm pèdi (51 match san pèdi) men ki finalman wè seri sa rive nan bout li kote yo pèdi 3-0 kont klèb Italyen an.
Gras avèk Adeloma Lookman ki rive make twa gòl nan rankont sa e ki mete Bayer Leverkusen nan vrè plas li. Depi nan premye mitan an yo te gentan make de gòl pou te rantre nan vestyè avèk avantaj eskò a e jis tan nan dezyèm mitan an yo t a pral retire tout espwa klèb Alman an nèt sou twazyèm gòl ki t a pral sinonim gòl "KO" a e fini pa genyen final la 3-0.
Atalanta genyen finalman yon koup nan palmarès yo depi 61 lane swa an 1963 nan Koup Itali e depi lèsa yo pa t janm chanpyon men seri nwa sa kanpe jodi a gras avèk tit sa yo ranpòte nan Ewopalig la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️