Toni Kroos anonse apre Ewo a l ap pran retrèt foutbolè l
Jan plizyè medya t ap anonse ke Kroos pral renouvle kontra l nan Real Madrid apre final Lig chanpyon an eben maten an jwè Alman an fè konnen li p ap renouvle kontra l ak Real Madrid e apre Ewo a l ap kanpe nan koze jwe foutbòl.
""17 jiyè 2014 - jou prezantasyon m nan Real Madrid, jou ki chanje lavi m. Lavi mwen kòm yon foutbolè - men sitou kòm yon moun. Se te kòmansman yon nouvo chapit nan pi gwo klèb nan mond lan. Apre 10 ane, nan fen sezon an chapit sa a ap rive nan yon fen li. Mwen p ap janm bliye peryòd ensolan ak siksè sa a ! Mwen ta renmen patikilyèman remèsye tout moun ki te akeyi m ak yon kè ouvè e ki te fè m konfyans. Men sitou mwen ta renmen remèsye nou, chè Madridistas, pou afeksyon nou ak lanmou nou depi premye jou a jiska dènye jou a. An menm tan desizyon sa a vle di ke karyè mwen kòm yon foutbolè aktif pral fini ete sa a apre chanpyona Ewo a”.
“Mwen kontan ak fyè, paske nan lespri m mwen te jwenn bon moman pou desizyon mwen an e mwen te kapab chwazi li poukont mwen. Anbisyon mwen te toujou fini karyè mwen nan pi gwo nivo pèfòmans mwen. Depi koulye a, gen yon sèl lide dirijan: a por la 15!!! HALA MADRID Y NADA MAS!”. Se konsa jwè foutbòl Alman an te mete sou kont Instagram li maten an.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
