Real Madrid fikse dat prezantasyon Kylian Mbappé a
Kylian Mbappé ki te anonse semèn pase a nan on bout videyo ke l ap kite PSG men ki pa t bay nan ki klèb li pran men selon tout sa jounalis, fanatik e kèk dirijan lòt klèb konstate ke jwè fransè a se direksyon Madrid ke l ap pran e nan sa yo t a revele dat l ap prezante a.
Selon @Relevo, Real Madrid bay dat 3 ak 7 jen pwochen pou yo prezante Kylian Mbappé bay fanatik Bernabeu yo e tou bay ki nimewo mesye a pral gen pou pote nan klèb la.
Men m jounal sa ale pi lwen pou l fè konnen, Mbappé ap siyen on kontra pou senk lane e pral touche 20 milyon pa ane k ap vini jwè k ap pi byen touche nan klèb la devan Jude Bellingham ak Vinicius Junior.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️